|
LAVI TELMAN
KOUT (LYRICS)
Cinema ou kochma sa l'ye
Gen le map reve je kale
Se Hollywood kap fonksyone
Ala yon fim ki byen monte
Zanmi ou pa nan rev ni se pa cinema
Se World Trade Center kap boule
Teworis atake pesonn pata kwe sa
Ti moun kou gran moundlo nan je
Gen moun ki vole nan fenet
Yo tombe kraze ti miyet
Gin anpil lot ki disparet
Lot ki griye kou sigaret
Lavi ya telaman kout
Lap kite nou nan wout
An'n simen lanmou pou'l ka jemen
Annou fe yon kowot
An'n youn kimbe min lot
Pou nou vanes men nan men
Twop san va koule
Kris si-w pa pale
Twop san va vese
Si-w pa di ase
Ki moun ki te konn sa
Jou madi 11 septanm sa
Moun you pwal nan travay
Yo pap tounen lakay
Son-w kouto nan zantray
Son-w trin ki kite ray
Se avyon ki tap flay
Yo pran fe deblozay
Pa gen ni zo ni vian'n
Pou sekey ni simitye
Tout moun yo tounen san'n
Lafimen ak pousye
Son-w kokenn chenn siklonn
Ki souke pentagon
Son-w kolonn bet san konn
Ki lage nan tout zonn
Moun yo pran kou tonbe
San yo pat menm nan batay
Son-w zekle ki file
Son-W kokenn kout loray
Gen lanmo kay soley
Zetwal lali-n an dey
Zenglen pou ti zotey
Gilet pou fey zorey
Nan sinfoni late
Lavi chanje yon kouple
Nan melodi chante
Gen lot nuans lot koule
Yon lot ling amonik
Ki ini lamerik
Pou lewop ni lafrik
Ka chante-w sel mizik
|